An prezans ajan polisye polifwont yo ki te rete ak bwa yo kwaze, nèg ak zam debake nan dwàn malpas la vandredi 23 me 2025 la, yo agrese ajan dwanye yo, antre nan biwo yo, chire dokiman yo epi ale ak plizyè kamyon ki te pote batri lithiun soti repiblik dominikèn ak plizyè lòt kamyon machandiz ki t ap tann papye pou dedwane.
Dwàn malpas la pou kounya sou kontwòl nèg ak zam dapre sa administrasyon jeneral dwàn yo fè konnen!

