Setyèm edisyon Festival Entènasyonal Lang ak Literati Kreyòl la louvri mèkredi 03 desanm 2025 la nan Otèl Montana nan prezans plizyè aktè enpòtan nan sektè edikasyon, kiltirèl ak literè. Tèm ane sa a “Li Kreyòl”, atire atansyon sou nesesite pou gen plis liv an kreyòl nan lide pou ogmante kreyasyon literè nan lang manman ak papa nou.
Nan entèvansyon reprezantan Direksyon Nasyonal Liv (DNL) la,Marc Exavier, li peze sou koze gen twò piti liv an kreyòl nan bibliyotèk piblik la. Exavier mande Leta ak patnè yo pou sipòte pwodiksyon liv kreyòl pou fasilite timoun yo aprann pi byen.
Bò kote pa li, Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE) Elysé Colagène, deklare lang kreyòl la se poto mitan idantite pèp ayisyen. Li bat bravo pou festival la li konsidere tankou yon angajman pou kenbe eritaj kiltirèl la.
Pou Colagène “Yon pèp ki ekri nan lang pa li, se yon pèp ki refize mouri. Yon pèp li nan lang pa l, se yon pèp k ap chèche verite” .
Lòt enstitisyon tankou BHDA ak ENARTS te patisipe nan festival sila kote te gen espas pou ekspozisyon kiltirèl,animasyon atistik ak tout lòt aspè k ap pèmèt literati kreyòl la vanse pi lwen.
