Jodi madi 28 Oktòb 2025 la, plizyè enstitisyon nan peyi a tankou Ministè Kilti, lekòl, inivèsite ak òganizasyon kominotè te patisipe nan selebrasyon Jounen Mondyal Lang ak Kilti Kreyòl. Aktivite tankou konferans, ekspozisyon, lekti piblik an kreyòl, konkou literè ak pèfòmans atistik te fè kenken.
Depi 1983, UNESCO mete dat 28 Oktòb pou onore lang kreyòl nan mond lan.
Se yon okazyon pou mete limyè sou divèsite ak richès lang sila ki se senbòl rezistans, libète ak idantite pou pèp ayisyen an.
Plis pase yon senp selebrasyon,jounen sa a se yon rapèl pou nou kontinye goumen pou nòmalize itilizasyon lang kreyòl la nan administrasyon, lekòl,inivèsite epi travay pou n valorize l toupatou .
