Minis Zafè Etranje a, Jean Victor Harvel Jean Batiste, resevwa nan biwo li, Wooster T.Henry, nouvo reprezantan a.i Etazini nan peyi a daprè yon piblikasyon ministè a fè sou kont X li jodi mèkredi 18 jen 2025 la.
Pandan rankont sila, de (2) otorite yo diskite sou ki solisyon ki ka pote nan kriz ensekirite k ap ravaje peyi a ak konsekans dènye desizyon gouvènman ameriken an genyen sou kominote ayisyèn lan, sitou sa ki gen pou wè ak imigrasyon yo.
