Majistra Kenskòf la, Massillon Jean, konfime nèg ak zam k ap feraye nan zòn lan sezi yon blennde pou polis nasyonal la nan zòn Viard jodi mèkredi 18 jen 2025.
Majistra a pa bay twòp detay sou kijan sa fè rive men, evènman sa pase aprè yon lòt atak ki fèt ayè madi 17 la kote bandi Mibalè te boule yon blennde pou fòs lòd yo.
Plizyè temwen ki te viv sèn sila rakonte se pandan machin lan pran pàn, asayan yo pwofite vide gazolin epi met dife sou li.
