Nan yon kominike pou laprès Polis Nasyonal la pibliye lendi 23 jen 2025 la, enstitisyon an konfime arestasyon twa moun nan kad ankèt sou asasina Jean Antoine Borgat, ki te fèt nan maten jedi 19 jen 2025 nan vil Okay.
Moun sa yo se Claude Fritznel, yon ajan polis ki afekte nan administrasyon penitansye; Pierre Billy, yon bòs ferònri; ak Samantha Joseph, yon enfimyè.
Daprè piblikasyon an, moun sa yo deja reponn kesyon anketè Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) nan jiridiksyon Okay.
Polis nasyonal la fè konnen ankèt sila ap kontinye jis yo klarifye tout sikonstans ki lakoz krim sa .
