Ajan federal ameriken ki travay pou Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) arete Brad Lander, kandida pou pòs majistra ak kontwolè vil New York la, pandan li nan yon tribinal nan Manhattan ap sipòte yon gwoup imigran yo menase depòte jodi madi 17 jen 2025 la.
Letitia James, pwokirè jeneral New York la, kondane arestasyon an epi konsidere l tankou yon abi ki inakseptab.
Letitia ajoute zak sa menase prensip jistis ak libète yo.
Depatman Sekirite Entèn (DHS), bò kote pa l, fè konnen arestasyon sila fèt paske Brad Lander te anpeche yon ajan federal fè travay li,.
Brad Lander jwenn liberasyon li byen rapid pandan jounen an.
