Nan yon piblikasyon polis nasyonal la (PNH) fè sou paj FB ofisyèl li jodi madi 10 jen 2025,li anonse li sezi yon fizi, 2 chajè plen bal, 7 paspò,4 batistè ak plizyè lòt pyès idantite nan yon entèvansyon kont yon gwoup nèg ak zam ki fèt Doubay,yon zòn nan Laplèn Nò.
Malgre tout materyèl sa yo ki konfiske, polisye yo pa rive arete Raynald,ki se chèf gang lan ak 2 lòt ķonplis li yo: Lorwins ak Renaud.
Operasyon sila fèt dimanch 8 jen ki sot pase a gras ak sèvis depatmantal polis jidisyè nò (SDPJ/Nò) nan tèt kole ak brigad entèvansyon Okap la.
