Nan yon nòt sendika polis nansyonal la (SYNAPOHA) met deyò ayè samdi 7 jen 2025 la, li mande pou Leta pran responsablite l fas ak polisye nan vil Mibalè yo ki pa gen kote pou yo dòmi ni kichòy pou yo manje.
Sendika fè konnen si otorite yo pa bay bon jan repons byen rapid ak pwoblèm sila l ap rive byen lwen ak dosye a.
Sendika deklare,yon polisye twò enpòtan pou y ap trete l nenpòt jan.
N ap raple Mibalè ap pase yon move moman depi lè gwoup nèg ak zam « viv ansanm » yo atake vil la, boule komisarya epi lakoz plis pase 500 prizonye chape poul yo 31 mas ki sot pase a la.
