Karine JEAN-PIERRE kite pati demokrat ameriken an epi enskri tèt li tankou yon elekris endepandan selon yon kominike editè li met deyò jodi mèkredi 4 jen 2025 la.
Ansyen pòt-pawòl ameriken an pwomèt l ap bay plis detay sou desisyon sila nan yon liv l ap sòti nan mwa oktòb k ap vini la. Men pou kounya, Karine JEAN-PIERRE deklare se fason pati an trayi ansyen prezidan ameriken an, Joe BIDEN, ki motive l nan chwa sa.
