305 depite fransè sou 561 vote yon lwa sou « suicide assisté » jodi madi 27 me 2025 la.
Daprè lwa sila,tout moun ki gen pou pi piti 18 lane ki gen nasyonalite fransè oubyen k ap viv nan peyi Lafrans ka jwi privilèj sa si tout kondisyon yo reyini.
Pami kondisyon yo,palmantè yo mande pou yon ekip pwofesyonèl lasante tonbe dakò pou di moun sila ap soufri ak yon maladi grav,ki pa ka geri epi ki rive nan dènye stad li.
Toujou daprè lwa sa,malad la dwe fe demand lan epi konfime l aprè yon ti tan refleksyon.
Pi lwen,palmantè yo presize moun ki soufri gwo troub mantal ak maladi tankou Alzheimer pa konsène nan sije sa.
N ap souliye sena fransè a ap gen pou fè vòt pa l sou pwojè lwa sa nan mwa k ap vini yo.
